<?xml version="1.0" encoding="utf-8"?> <document> <s id="1">Se yon leson pou moun ki ap koumanse aprann kreyòl.</s> <s id="2">5) 18 novanm: Fèt ki fè n sonje jou batay Vètyè.</s> <s id="3">Nimewo 207-2: Li mèt nan nenpòt tribinal, al defann yon moun ki poute plent nan biwo a, sa toujou fèt gratis.</s> <s id="4">Paragraf 3 Awondisman Nimewo 75: Awondisman kapab divize an divès komin, pou administrasyon Leta a.</s> <s id="5">Epi tou, yo dwe kontwole si moun obeyi lwa ki regade depatman pa yo.</s> <s id="6">Nan egzanp nou te pran pi wo yo, nou sèvi ak mo [ansanm] nan dirèkteman.</s> <s id="7">Nimewo 43: Yo pa gen dwa rantre kay moun ni yo pa gen dwa pran papye moun, san se pa pou yon rezon lalwa prevwa, ak jan lalwa di sa dwe fèt.</s> <s id="8">Nou pa ka pale de agrikilti epi pou n ta kite elvay dèyè.</s> <s id="9">Travay lim se kontwole si tout sèvis Leta yo ak administrasyon piblik la mache korèk, pou Leta toujou soutni pwotokòl Leta li.</s> <s id="10">Nimewo 165: Sizanka premye minis la bay demisyon l, gouvènman an rete la, pou regle detay tou le jou yo, jistan yo nonmen yon lòt premye minis.</s> <s id="11">Li dwe deside, ansanm ak gouvènman an, ki minewo yo gen dwa pa aplike, nan Konstitisyon an, epi pandan konben tan sa gen dwa fèt.</s> <s id="12">Nimewo 60: Chak gwoup sa yo endepandan.</s> <s id="13">Lalwa deside ki jan enskripsyon dwe fèt pou pwogram sa yo, kouben tan yo dire, kouman pou yo mache.</s> <s id="14">Moso twal ble a, anwo.</s> <s id="15">Nimewo 91: Men nan ki kondisyon yon moun gen dwa vin depite lachanm: 1) Fòk li Ayisyen natif natal (*5, gade nòt Pòl Dejan ki parèt anba pajwèb sa a).</s> <s id="16">Nimewo 81: Konsèy depatman an, mete ansanm ak administrasyon santral peyi a, pou yo kalkile tout mwayen li va mete depatman an nan wout pwogrè.</s> <s id="17">Nimewo 278-1: Deklarazyon prezidan Repiblik la fè, pou l deklare eta d syèj, fòk plremye minis la siyen l tou, ansanm ak tout lòt minis yo.</s> <s id="18">Soti depi li fèt rive jounen jodi a, lang kreyòl ayisyen an kite koridò lang patwa, li pran boulva lang total ki gen fason pa-1 pou kouche-1 sou papye.</s> <s id="19">Kisa yo pwopoze pou ede ak agrikilti sou fèy papye?</s> <s id="20">Si se pa peryòld travay lachanm, y a tann konmansman pwochenn peryòd travay lachanm anan oubyen pwochenn reynyon espesyal li.</s> <s id="21">Nimewo 247: Se travay tè ki premye richès peyi d Ayiti.</s> <s id="22">Nimewo 129-6: Lachanm pa gen dwa fè plis pase yon vòt kon sa, nan yon ane, pou l blame gouvènman an pou yon pwen ki nan pwogram gouvènman san oubyen pou jan gouvènman an di l ap mennen ak Leta a.</s> <s id="23">Nimewo 267-4: Militè toujou kenbe dènye grad yo te genyen nan lame a, jis yo mouri.</s> <s id="24">Se sa ki va pèmèt tout moun nan peyi a, viiv alèz.</s> <s id="25">Gen moun ki ka pran sa pou yon richès, men nesesite presizyon kominikasyon nan domèn syantifik mande pou tout moun sèvi ak menm konsèp yo.</s> <s id="26">E, fòk li pa janm jwenn okenn pinisyon grav oubyen okenn pinisyon pou l ta wont, nan men jij ki jije krim dwa komen.</s> <s id="27">Yo toujou gen dwa double: Nimewo 92-1: Depite yo rantre lachanm dezyèm lendi mwa d janvye.</s> <s id="28">2) Si gen vòlò.</s> <s id="29">Nimewo 130-2: Se menm bagay tou, si eleksyon pa te fèt oubyen si konsèy elektoral ki la nèt la te deklare eleksyon ki te fèt nan yon zòn oubyen nan plizyè zòn pa bon.</s> <s id="30">Nimewo 90: Chak kote k gen yon konsèy minisipal, fòme yon zòn ki kapab nonmen yon depite nan eleksyon.</s> <s id="31">Nimewo 65: Men nan ki kondisyon yon moun gen dwa vin manm konsèy administrasyon yon seksyon kominal: 1) Fòk li Ayisyen, e fòk li gen vensenk (25) ane pou pi piti.</s> <s id="32">Men kòm itilizatè langaj, patikilyèman kreyòl, ou bezwen chache mwayen efektiv pou w kapab ekri lang nan.</s> <s id="33">Nimewo 98-1: Reyinyon asanble nasyonal la dwe fèt nan konmansman ak nan finisman chak peryòd travay lachanm.</s> <s id="34">5) Fòk li te rete omwen senk (5) ane youn dèyè lòt, nan peyi a.</s> <s id="35">Nimewo 120-1: Toutotan yo pankò fin vote yon pwojè-lwa, yo toujou kapab kite sa.</s> <s id="36">Sekretè lachanm senatè ak sekretè lachanm depite, se yo ki sekretè asanble nasyonal la.</s> <s id="37">Yo va ankouraje tout lòt moun ki soti pou yo bay konkou pou sa.</s> <s id="38">Enfliyans lang fransè sou òganizasyon lide lakay moun ki pase lekòl anndan peyi a, se youn nan pi gwo difikilte ki sou wout pwofesè ayisyen yo.</s> <s id="39">Nimewo 95-2: Men, li kapab fè yon kanpe sòf pandan 2 peryòd travay lachanm depite yo.</s> <s id="40">Nimewo 39: Premye moun ki fèt pou yo jwenn dwa travay tè Leta genyen, se moun ki rete nan seksyon kominal, kote tè sa yo ye.</s> <s id="41">Ann atandan yo fin mete regleman eleksyon yo dakò ak nimewo sa a, pi piti depite pou lachanm genyen se swasanndis (70).</s> <s id="42">Sou Chanjman nan Konstitisyon an Nimewo 282: Gwoup moun ki gen pouvwa fè lwa nan peyi a, gen dwa mande chanjman nan Konstitisyon an, depi lachanm senatè oubyen lachanm depite, mande chanjman ak bvon rezon pou sa.</s> <s id="43">Nimewo 87-3: Konsèy tout depatman yo gen dwa la, lè konsèy minis yo ap travay, depi se sou yon koze yo jwenn nan nimewo 87-2a.</s> <s id="44">Kreyòl ak franse, se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti.</s> <s id="45">Yo manm komite a.</s> <s id="46">Anvan pou pwojè-lwa tounen yon lwa, fòk ni pwojè lachanm senatè vote a, ni pwojè lachanm depite vote ak menm parèy.</s> <s id="47">Men, nan ekri pwonon franse, apostwòf pa mele ak koze sijè pa sijè.</s> <s id="48">Estrateji pou rebwaze Ayiti (E.W.Vedrine) http://www.potomitan.info/vedrine/rebwaze.php 7.</s> <s id="49">Nimewo 159-1: Premye minis la reskonsab defann peyi a, ansanm ak Prezidan Repiblik la.</s> <s id="50">Se administrasyon piblik la ki voye yo nan tèl sèvis Leta oubyen nan tèl lòt sèvis Leta.</s> <s id="51">Nimewo 216: Lalwa va detaye ki jan, ak nan ki kondisyon, yo va pwoteje tout richès sa yo.</s> <s id="52">Sa pa nesesèman yon prensip jeneral.</s> <s id="53">Sa pa vle di pa ka gen divès pozisyon sou yon fenomèn, an règ jeneral se toujou ak moso laverite lasyans travay.</s> <s id="54">Nimewo 52-2: Lè yon sitwayen pa fè sa l dwe fè, lalwa gen dwa pini l.</s> <s id="55">Ni pou yo kapab aplrann byen viv, youn ak lòt.</s> <s id="56">Neyanmwen, toujou kenbe konsèy Aleksann Manzoni, powèt italien, ki di : « Langaj dwe posede yon òganik [vivan] omogeneyite derive pa lisaj, reflekte oken distenksyon ant langaj literè ak langaj oral ».</s> <s id="57">Se pou sa, Leta reskonsab pwoteje: 1) Tout batisman lontan yo, ak sa ki rete nan yo.</s> <s id="58">Nimewo 278-4: Asanble nasyonal la dwe travay pandan tout tan gen eta d syèj.</s> <s id="59">4) Direktè sèvis Leta, nan depatman an.</s> <s id="60">Nimewo 32-6: Tout moun ki gen kapasite pou sa, gen dwa rive fè gwo etid, apre etid segondè, san se pa favè ak moun pa ki fè yo rive jwenn sa.</s> <s id="61">Chapit 2 Tè peyi a ak tou sa ki alantou tè a Nimewo 253: Tè peyi a ak tou sa ki alantou tè a, se la tout moun viv, nòmal.</s> <s id="62">Agrikilti ta dwe premye sib nan devlopman Ayiti (E.W.Vedrine) http://www.potomitan.info/vedrine/agrik.pdf 2.</s> <s id="63">Kote mesye politisyen ki sou pouvwa yo, ki dèyè pouvwa, ki anpàn pouvwa?</s> <s id="64">Nou ekri dokiman sa a pou nou ankouraje pwofesè lekòl yo travay an kreyòl, paske se mwayen ki pi rapid pou yon Ayisyen louvri chemen lakonesans bay lòt ti Ayisyen.</s> <s id="65">Yo dwe obeyi deszyon jij la san yo pa pèdi tan, menm si yo te mande pou kòz la ale ann apèl, devan tribinal kasasyon, oubyen pou yo pa obeyi jijman an.</s> <s id="66">Nan travay jounalis yo, yo pa gen okenn pèmisyon pou yo mande, ni Leta pa gen dwa kontwole sa y ap di, sòf si lagè deklare, nan peyei a.</s> <s id="67">Cependant, Yves Déjean, linguiste haïtien de renom, déclare: "Anvan yon moun chèche esplike pou ki sa li ta vle chanje non lang pèp ayisyen pale a, li ta bon pou li kalkile yon ti keksyon: ki dwa yon moun pou li chanje non yon lang ki la nan yon peyi depi plis pase 200 ane?"</s> <s id="68">Yon konsèy pou tout depatman yo, dwe ede gwoup moun ki gen pouvwa dirije peyi a, prepare lwa ki fikse valè chak zòn peyi a, gen pou yo resevwa an lajan Leta a.</s> <s id="69">Atik sa se yon agiman kont tradisyon antikreyolis ke plizye psedo-entelektyèl komokyèl ayisyen adopte -- yon fenomèn ki aparaman gen sous lan devalorizasyon egzistansyèl ak kiltirel baze sou prejidis kolonyal.</s> <s id="70">Egzijans sa yo nou pa jwenn yo nan fason pwofesè yo ap fè ansèyman disiplin syantifik an kreyòl.</s> <s id="71">Vis-prezidan tribinal kasasyon an, tounen sekretè gwo tribinal espesyal la.</s> <s id="72">Se yon dwa tout moun genyen ni pou lespri yo an fòm, ni pou yo an fòm.</s> <s id="73">Eske l konn pwoblèm zòn kote l soti a?</s> <s id="74">Anpil moun gen dwa obsève lè y ap reflechi, si se an kreyòl lide yo monte, osnon si se an franse.</s> <s id="75">Lemoman tribinal la deklare konsèy depatman an kraze, administrasyon santral peyi a nonmen yon komite pwovizwa.</s> <s id="76">Sètadi si moun iletre sa te leve nan anviwonnman ki te ganranti li omwen yon edikasyon primè, li t ap konpetan nan abilite pou efektye operasyon aritmetik asime ke moun sa se yon moun nòmal (li pa kokobe mantal tankou pa egzanp yon boulouloum).</s> <s id="77">Se dis (10) manm yo ki chwazi yon prezidan ak yon vis-prezidan an, pami yo.</s> <s id="78">Paragraf 7 Nenpòt ki moun gen dwa travay lib Nimewo 35: Nenpòt ki moun gen dwa travay lib.</s> <s id="79">Sèl lè yo vin pèdi grad sa a, se sizanka yon tribinal ki la pou sa, ta fè desizyon sa a, apre jijman fin fèt legal.</s> <s id="80">Bèt yo mal nouri, yo bezwen swen veterinè tou.</s> <s id="81">Nimewo 209: Leta fèt pou l bay, ni inivèsite deta d Ayiti a, ni lekòl siperyè Leta yo, lajan yo bezwen pou yo mache epi pou yo fè bon jan pwogrè.</s> <s id="82">Se li ki nonmen anbasadè ak konsil jeneral.</s> <s id="83">Apre premye eleksyon sa a, tan sèvis chak senatè va dire sis (6) ane.</s> <s id="84">Li dwe kontwole liv kontabilite biznis Leta ak biznis ki pou zòn nan peyi a.</s> <s id="85">Komite sa a gen dwa mande esplesyalis konkou, pou ede yo kontwole depans Leta.</s> <s id="86">Nimewo 272: Lapolis gen divès branch, youn pou chak sèvis espesyal: 1) Gen sèvis administrasyon prizon.</s> <s id="87">Ni pou tout lòt mouvman ki dèyè la pè.</s> <s id="88">11) Li dwe travay pou tout moun viv an pè.</s> <s id="89">Nimewo 144: Prezidan an fè mete so Repiblik d Ayiti sou tout lwa yo, pou l sa fè yo parèt, nan dèle ki make nan Konstitisyon an.</s> <s id="90">Ki sa li dwe fè Ki sa yon sitwayen ye Nimewo 16: Yon sitwayen se yon moun ki gen tout dwa sivil li (*2, gade nòt Pòl Dejan ki parèt anba pajwèb sa a), ansanm ak tout dwa politik li (*2, gade nòt Pòl Dejan ki parèt anba pajwèb sa a).</s> <s id="91">Anvan swasant (60) jou pase, apre yo deklare konsèy depatman an kraze, administrasyon santral peyi a avèti konsèy elektoral ki la nèt la.</s> <s id="92">Li dwe sou rekonsab tout zòn peyi a.</s> <s id="93">Nimewo 42-3: Se tribinal yo rele tribinal dwa komen, ki jije tout kòz ant sivil ak militè, lè se nan pye travay li yon militè fè yon zak kont yon sivil, tankou: abi, kraze zo, krim.</s> <s id="94">Nimewo 7: Okenn chèf, nan peyi a, pa janm gen dwa pran pòz Bondye l, pou yo ajenou devan l.</s> <s id="95">Nimewo 200-4: Tribinal ki kontwole tout lajan Leta, e ki regle tout kòz anplwaye Leta, bay konkou l pou yo fè bidjè Leta a.</s> <s id="96">Nimewo 100: Tout moun gen dwa asiste reyinyon asanble nasyonal la.</s> <s id="97">Li fèt tou, chak fwa Konstitisyon an mande sa.</s> <s id="98">Nimewo 207-3: Yon lwa regle nan ki kondisyon biwo pou pouwoteje sitwayen an mache, epi ak ki regleman.</s>