# gl/ted2020-51634.xml.gz
# ht/ted2020-51634.xml.gz


(src)="1.1"> ( Sopra forte . )
(src)="1.2"> ( Sopra forte . )
(src)="1.3"> ( Sopra forte . )
(src)="1.4"> ( Sopra forte . )
(src)="1.5"> ( Cantando . )
(src)="1.6"> ( Termina de cantar . )
(src)="1.7"> ( Sopra forte . )
(src)="1.8"> Son Tashka Yawanawá .
(trg)="1"> Tashka Yawanawá ( Soufle ) ( Soufle ) ( Soufle ) ( Soufle ) ( Chante ) ( Chante a fini ) ( Soufle ) Mwen se Tashka Yawanawá .

(src)="2"> Estou aquí coa miña muller .
(trg)="2"> Mwen isit la avèk madanm mwen .

(src)="3"> Veño da comunidade yawanawá , ubicada no estado de Acre no Amazonas brasileiro .
(trg)="3"> Mwen sòti nan kominote Yawanawá , ki nan Eta ki rele Acre nan pati Lamazòn ki Brezil la

(src)="4"> Leva algúns días chegar ata aqui .
(trg)="4"> Nou pran kèk jou pou nou rive isit la ,

(src)="5"> Acabo de cantar para reconectarnos co espírito da selva .
(trg)="5"> mwen fè mizik la pou n ka rekonekte nou ak lespri forè a .

(src)="6"> Desde tempos inmemoriais , a miña xente vive no territorio yawanawá .
(trg)="6"> Depi yon tan ke n pa menm ka sonje , pèp mwen an ap viv sou teritwa Yawanawá .

(src)="7"> Vemos este xeito holístico de como é a natureza .
(trg)="7"> Nou wè tout kòman lanati ye .

(src)="8"> A natureza , para nós , pertence a toda a humanidade .
(trg)="8"> Pou nou , lanati se pou tout limanite .

(src)="9"> E nós , os yawanawá , consideramos o contorno , o bosque , como seres vivos .
(trg)="9"> Nou menm Yawanawá nou wè lanviwònman ak forè a kom bagay ki vivan .

(src)="10"> Pero todo é sempre un reto .
(trg)="10"> Men tout bagay toujou yon defi .

(src)="11"> Sobre todo agora , porque creo que moitos sabedes que o Amazonas está en chamas ,
(trg)="11"> Pi plis kounya , paske mwen panse anpil nan nou konnen Amazòn nan ap pran dife .

(src)="12"> Iso aféctanos a todos .
(trg)="12"> Sa bay tout moun pwoblèm .

(src)="13"> A destrución do Amazonas non afecta só aos indíxenas , porque estamos todos conectados .
(trg)="13"> Amazòn nan kap detwi a pa afekte sèlman pèp endijèn nan , paske nou tout konekte .

(src)="14"> O que sexa que fagamos na miña comunidade , se queimo todo , vai afectar aquí , cando a neve chegue no Nadal .
(trg)="14"> Nenpòt sa nou fè nan kominote 'm nan , si mwen boule tout bagay , l 'ap afekte isit la , lè lanèj tonbe lè epòk fèt Nwèl ,

(src)="15"> Se contaminades aquí , vai afectar cando a chuvia chegue ao meu país .
(trg)="15"> Si ou polye isit la , li pral afekte lapli ki pral tonbe nan peyi mwen an .

(src)="16"> Adoitaba dicir que formamos parte do pobo global .
(trg)="16"> Mwen te konn di nou tout fè pati vilaj global la .

(src)="17"> Adoitaba dicir que o Amazonas pertence á humanidade , e tamén que a humanidade ten que coidalo tanto como o facemos os indíxenas .
(trg)="17"> Mwen te konn di Lamazòn nan se pou tout limanite , e limanite dwe pwoteje l menm jan endijèn yo ap fè l nan lemonn .

(src)="18"> E por esa razón , hoxe é tempo de espertar , unirse a nós .
(trg)="18"> Pou rezon sa a , jodia se lè pou nou leve , ini nou .

(src)="19"> Os yawanawá estamos a pór da nosa parte .
(trg)="19"> Nou menm Yawanawá nou fè sa 'n dwe fè .

(src)="20"> Coidamos a Nai Terra .
(trg)="20"> Nou pran swen Manman nou Latè .

(src)="21"> E agora , deixo á miña muller .
(trg)="21"> Kounya , madanm mwen pral pale .

(src)="22"> Estamos aquí cos corazóns chorando .
(trg)="22"> Laura Yawanawá : nou isit la avèk kè nou kap rache .

(src)="23"> Estou sorrindo pero o meu corazón chora porque moitos dos nosos bosques están sendo destruídos .
(trg)="23"> m ap souri sevre men kè mwen ap rache , paske anpil nan forè nou yo ap detwi .

(src)="24"> E só quero darvos unha mensaxe .
(trg)="24"> Epi mwen jis vle ban nou yon mesaj .

(src)="25"> Esta crise estalle dando á humanidade dúas opcións :
(trg)="25"> Kriz sa a bay limanite 2 opsyon .

(src)="26"> Unha é axudar a finalizar , destruír e exterminar todos os nosos bosques e as culturas que dependen deles .
(trg)="26"> youn se pou nou patisipe nan destwi ak kraze tout forè nou yo ansanm ak lakilti nou .

(src)="27"> Outra , transformarmos esta crise nunha oportunidade de darlle poder á poboación indíxena , de apoiala e de salvar a selva e as súas culturas .
(trg)="27"> Oubyen , nou kapab fè kriz la tounen yon opotinite pou nou ranfòse pèp endijèn yo , pou nou sipòte pèp endijèn yo epi pou nou sove forè a avèk lakilti l yo .

(src)="28"> E como podes facelo ?
(trg)="28"> Men , kijan nou kapab fè sa ?

(src)="29"> Nós fixémolo , os yawanawá creamos un plan de vida , que é a nosa planificación estratéxica que nos di os pasos que debemos seguir para asegurar o noso territorio .
(trg)="29"> Nou menm Yawanawá yo , nou kreye yon plan pou lavi , ki se plan stratejik nou ki di nou sa pou nou fè pou nou sekirize teritwa nou an .

(src)="30"> Coidamos aproximadamente 200.000 hectáreas de selva .
(trg)="30"> Nou gen prèske 200,000 ekta forè sou kont nou .

(src)="31"> Pero agora está ameazada .
(trg)="31"> Men kounya li menase .

(src)="32"> Así que este plan mostra os pasos para que aseguremos a terra , a nosa biodiversidade , a nosa cultura , a nosa educación .
(trg)="32"> Ebyen plan lavi sa a montre nou koman pou nou pwoteje tè nou an , tout kalite bèt ak plant nou yo , kilti nou , edikasyon nou .

(src)="33"> Invítovos a todos , invito a todas as empresas , invito a todos os gobernos , a toda a sociedade civil , a escoitar ós pobos indíxenas , a volver ás nosas orixes .
(trg)="33"> Mwen envite nou tout , Mwen envite tout konpayi yo , mwen envite tout gouvènman ak sosyete sivil yo , pou yo koute pèp endijèn yo , pou nou retounen nan rasin nou .

(src)="34"> Levamos aquí moito , moito tempo ... séculos .
(trg)="34"> Nou la depi anpil anpil ... syèk .

(src)="35"> E intentamos berrarlle ao mundo que temos que protexer o noso territorio , a nosa natureza .
(trg)="35"> E nou ap eseye lontan fè lemonn konprann nou bezwen pwoteje teritwa nou , lanati a .

(src)="36"> E nunca escoitades .
(trg)="36"> Men yo pa janm koute nou .

(src)="37"> Nunca .
(trg)="37"> Jamè .

(src)="38"> Supoño que esta crise estalle ensinando á humanidade que agora tedes que escoitarnos e apoiar os pobos indíxenas directamente , apoiar as súas iniciativas directamente .
(trg)="38"> Mwen rete kwè kriz sa aprann limanite ke kounya yo dwe koute nou epi sipòte pèp endijèn nan dirèkteman , sipòte inisyativ yo dirèkteman .

(src)="39"> Así que esa é a mensaxe que me gustaría deixarvos .
(trg)="39"> Kidonk , se mesaj sa mwen ap kite pou nou .

(src)="40"> Que os indíxenas teñen a resposta , e que se queredes salvar o Amazonas , temos que facer algo .
(trg)="40"> Pèp endijèn nan gen repons lan , e si nou vle sove Amazòn nan , nou dwe aji kounya .

(src)="41.1"> TY : ( Sopra forte . )
(src)="41.2"> ( Aplausos )
(trg)="41"> TY : ( Soufle ) ( Aplodisman )